Haiti Observateur (December 19, 2007)
Author: Anonymous
Vol: 38, Issue: 52
Permanent Link:
http://vlex.com/vid/64381910
Id. vLex: VLEX-64381910
Nan 40 pwezi nou te resevwa avan premye desanm 2007 la, te gen 6 ki te vin jwenn nou par e-mail ou byen chemen elektwonik ke nou te aksepte tanporèman paske kandida sa yo te pwomet pou voye orijinal yo par lapòs. [Nou] te resevwa sèlman youn sèl ki te rive avan dat nou te bay la. Lòt 5 yo pa't gen chans pou yo te patisipe kòm retadatè. Nou dwe respekte prensip ki ka fè'n rive kote nou vize a. Mank disiplin tou mennen nou nan kafou tenten. Nou dwe fè ditiians nou pou respekte règleman ak prensip etabli nan tout aktivite kòm patisipan. Nan 35 nou gen nan men nou la a, 10 nan yo te vin jwenn nou an franse e ki gen kèk mo angle ke nou pa ka admèt. Nou te byen presize ke tout pwezi yo dwe ekri an kreyòl. Kandida sa yo elimine pou endisiplin tou. Ya va aprann tou ke disiplin se pi bèl bagay nan lavi nou. Nan 25 nou rete a, 5 nan yo pat ritme ke nou te gen chans rele otè yo pou yo te fè koreksyon nesesè yo. Pami 5 pwezi sa yo, se 2 sèl ki te retounen pou patisipasyon. Nou vin rete avèk 22 kandida ki fè jefò konsiderab nan konkou sa a. Nou fè ti koreksyon pou rann kèk fraz pi bèl san nou pa touche lin yo ak pye yo ki pat gen pwoblèm. Gen anpil kandida ki pa klè nan refleksyon yo ki te bay jij yo anpil pwoblèm pou jwenn vrèman siyifikasyon reyèl la. Kandida sa yo ap fè plis jefò lòt fwa ke y'ap patisipe nan youn lòt konpetisyonJij yo te fè anpil jefò pou yo rive avèk youn rezilta ki pa't blese pensonn.
Konkou Pwezi 2007: Pote Ayiti Sou Kè'w
Men rezilta final la pou tout kandida yo ak zanmi nou
Jou 19 desanm 2007 la, tout kandida yo t'ap tann pou y o jwenn rezilta twi travay yo rive, pou lespri yo sa anpè tout bon, paske « rete tann twòp » kreye pwoblèm ak emosyon.Redaksyon Haïti-Observa - teur ak Asosyasyon Kiltirèl Anakawona avèk kèk zanmi ap prezante konpliman yo ba tout kandida ki te patisipe nan woumble sa a ki pa lòt bagay sinon youn konkou pwezi ke yo te bay tit: « Pote Ayiti sou kè'w » ke seksyon kreyòl jounal la te òganize pou patisipasyon tout moun san distenksyon. Nou te rive gen patisipasyon 40 pitit tè a ki te pran angajman pou yo pale ak manman yo nan sans reyèl lanmou natirel. Tout pitit sa yo ki te reponn apèl nou-an te reprezante pus pase 8 milyon Ayisyen k'ap viv swa ann Ayiti ou byen lòt bò dio. Nou konplimante yo e nou mande pou yo kenbe fém, pa lage paske travay yo a poz...
If you are already a vLex customer, Access Here